jeudi 20 octobre 2011

Yougens APROSIFA ak telesant Mobil la pap janm bliyew.
Yougens te tonbe anba bal asasen jou ki te dimanch 9 oktob la.
Li te etidyan fakilte syans imen. Li te komedyen tou.

lundi 3 octobre 2011

Production: Accès-Médias

AVI


GWOUP MEDIALTERNATF


Nan tèt kole

 Ak

 APROSIFA


AP òganize yon seyans pwojeksyon fim dokimantè “Goudougoudou”, Pieter Van Ecke ak Fabrizio Scapin fèk reyalize.

Aktivite sa a ap fèt jou kap mèkredi 5 otòb la a 6 zè nan aswè anba tonèl APROSIFA.

Se premye fwa Ayisyen ap wè fim sa a ki fèt sou tranbleman tè 12 janvye a an Ayiti.

De reyalizatè yo ap la. N ap gen posibilite koze ak yo.

Nou konte sou prezans tout moun k ap viv nan Kafoufèy. Fè pawòl la mache.

Harry Jean

mercredi 28 septembre 2011

Prise de vue a APROSIFA ,le 28/09/11
Prise de vue a APROSIFA,le 28/09/11

Kotem gad

Kotem gad

Kote tras zwazo
fe souple?
kote rel lanme
rive souple?

Zegwi lanme deranje
Bo zon lwes
Fil rev yo kase
tout fe yon sel bo

Prentan ale fe wout li
se je soley,se levantay
ki fem we sa

Priye ak kantik
Pral fe fet

deye chak pwen final
Se zetwal
ki gen migren

Deye chak pwen itrema
se fanm ansent
kap bay lavi

Tanbou kreve
nan pla men chante
lesperans gaye nan kwen
Popye lanati
Let ak chif kreve Nan sevo plimeyank.


Ecrit par       :Alexis Claudy
Le                 :28/09/11
e-mail           :alexisclaudy64@yahoo.fr