mercredi 28 septembre 2011

Prise de vue a APROSIFA ,le 28/09/11
Prise de vue a APROSIFA,le 28/09/11

Kotem gad

Kotem gad

Kote tras zwazo
fe souple?
kote rel lanme
rive souple?

Zegwi lanme deranje
Bo zon lwes
Fil rev yo kase
tout fe yon sel bo

Prentan ale fe wout li
se je soley,se levantay
ki fem we sa

Priye ak kantik
Pral fe fet

deye chak pwen final
Se zetwal
ki gen migren

Deye chak pwen itrema
se fanm ansent
kap bay lavi

Tanbou kreve
nan pla men chante
lesperans gaye nan kwen
Popye lanati
Let ak chif kreve Nan sevo plimeyank.


Ecrit par       :Alexis Claudy
Le                 :28/09/11
e-mail           :alexisclaudy64@yahoo.fr                 

mardi 27 septembre 2011

AYITI

Depi 1804 nou te libere
Men ak lespri egoyis nou toujou an chene
Nou  chita la n ap tann lot moun pou nou delivre
Nou bliye si se men  nan men pou n mache pou n fe inite

Tout sak kap di Ayiti pap peri
Se menm yo menm nan kap maniganse pou li mouri
Yo fe konplo pou Ayiti pa janm avanse
Epi se yo menm kap preche fratenite

O!a la bel bagay si Ayiti ta pwogrese
Gen jistis,edikasyon,sekirite ak sante
Tout pitit li yo tap rel
Ayiti nou renmenw anpil!nou pap kitew tonbe!

Ecrit par:Crepin Olodreche
le           :27/09/11
email      :coldreche@yahoo.fr
tel           :31949318

mercredi 21 septembre 2011

Dega lapli 19 ak 20 oktob la.

Lapli ki te tonbe sou kek rejyon nan komin potoprens la 19 ak 20 oktob pase a te lakoz kek pwoblem nan kafoufey. Anpil wout te sibi domaj,akoz dlo ki te desann ak anpil fatra. Ri prevots ki se wout ki pase devan legliz karidad la te enpratikab,se yon wout ki nan konstwiksyon,dlo a tesann ak tout ranble ki te nan wout la.

mercredi 14 septembre 2011

Yon gwoup jen kap travay pou reyalize yon eskilti an tol,nan atelye a APROSIFA a,nan kafou- fey.
Un groupe de jeunes artistes de la zone de Carrefour-feuilles réalisant un tableau collectif dans le cadre des activités du symposium international sur la culture Hip hop le jeudi 8 septembre 2011. Ces jeunes font parti de l'atelier de peinture et de dessin de l'APROSIFA.