mardi 27 septembre 2011

AYITI

Depi 1804 nou te libere
Men ak lespri egoyis nou toujou an chene
Nou  chita la n ap tann lot moun pou nou delivre
Nou bliye si se men  nan men pou n mache pou n fe inite

Tout sak kap di Ayiti pap peri
Se menm yo menm nan kap maniganse pou li mouri
Yo fe konplo pou Ayiti pa janm avanse
Epi se yo menm kap preche fratenite

O!a la bel bagay si Ayiti ta pwogrese
Gen jistis,edikasyon,sekirite ak sante
Tout pitit li yo tap rel
Ayiti nou renmenw anpil!nou pap kitew tonbe!

Ecrit par:Crepin Olodreche
le           :27/09/11
email      :coldreche@yahoo.fr
tel           :31949318

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire