Kotem gad
Kote tras zwazo
fe souple?
kote rel lanme
rive souple?
Zegwi lanme deranje
Bo zon lwes
Fil rev yo kase
tout fe yon sel bo
Prentan ale fe wout li
se je soley,se levantay
ki fem we sa
Priye ak kantik
Pral fe fet
deye chak pwen final
Se zetwal
ki gen migren
Deye chak pwen itrema
se fanm ansent
kap bay lavi
Tanbou kreve
nan pla men chante
lesperans gaye nan kwen
Popye lanati
Let ak chif kreve Nan sevo plimeyank.
Ecrit par :Alexis Claudy
Le :28/09/11
e-mail :alexisclaudy64@yahoo.fr
Felicitation Alexis!
RépondreSupprimer